Ki sa nou ye ?

Yon radyo pou tout moun

Se depi janvye 1975 ke moun nan Montréal ap koute Radio Centre-Ville yon radyo kominotè ki reyini sèt (7) kominote kiltirèl e ki pale 7 lang (franse, angle, panyòl, grèk, pòtigè, kréyòl ak chinwa " mandaren ak kantonè ").

Depi nan kòmansman, Radio Centre-ville te bay tèt li pou misyon sèvi yon ti pati nan vil Montréal ki se katye Saint-Louis. Pou li bay pale moun ak gwoup kominotè ki pa ka pase nan gwo medya yo. Li dwe fè Montréal vinn pi dinamik, kote'w kapab wè prezans mizik ak kilti isit melanje ak sak ki soti lòt kote.


Yon kalfou kote tout kilti yo se imaj Montréal

Jodya se plis pase karant kominote kap koute Radio Centre-Ville e kap itlize sèvis radyo-a. Latriye emisyon nou yo montre ki objektif radyo-a ki se : yon poto mitan pou moun ki fenk rive nan nan peyi-a, yon plas piblik pou tout moun vinn pale. Konsa chak grenn endividi ap santi yo lakay yo.

Se gras ak konkou plis pase 350 benevòl ki enplike yo chak jou nan radyo-a ke ou kapab tande bon jan koze sou 102.3 FM. Depi 31 lane se menm moun sa yo kap voye je e dirije radyo-a nan tout sektè aktivite-l yo. Chak moun, lajounen tankou lannwit ap mete men pou kreye yon bèl pwojè : fè yon radyo kote plizyè kilti jwenn plas yo, kote tout moun nan sosyete-a ap jwenn bon jan sèvis.


Yon lòt fason pou bay nouvèl

Nouvèl yo trete yon fason pou pèmèt chak oditè konprann zafè ki touche lavi yo, pwoblèm kap minen yo e ki mwayen yo kapab pran pou regle sitiyasyon sa-a. Se pou sa nou gen tout kalite emisyon ki gen rapò ak sa moun ap viv chak jou e ki pran a kè bezwen kominote-a.

Radio Centre-Ville toujou pre pou soutni la kilti e li apiye tout lide tou nèf. Radio Centre-Ville se kote ou kapab dekouvri bon jan mizik ak teyat e nou toujou kontan lè nou gen posibilite fè lòt eksperyans atistik.


Retour