RadioCentreville 102.3 FM En onde Faites un don Accueil

Accueil

A propos de nous

Écoutez-nous

Impliquez-vous

Publicité

Contactez-nous

Trouvez-nous

Byenvini sit Entènèt Radyo Santrevil la


Depi 27 janvye 1975, nou se sèl epi inik radyo kominotè nan Monreyal ki fè emisyon nan plizyè lang. Depi 35 lane, se nou ki fè tande vwa ak lide tout moun lòt radyo yo pa bay mikwo. Se nou ki anrichi kominote monreyalè a ak mizik, ak kilti epi ak ideyal moun k ap viv Monreyal ak sa k ap viv lòt kote nan lemonn.

Nou se Radyo Santrevil. Premye estasyon radyo nan divèsite. Emisyon nou yo difize nan uit lang: fransè, anglè, espayòl, grèk, pòtigè, ayisyen, mandaren ak kantonè. Se divèsite sa ki ba nou enspirasyon ak imajinasyon ki rann nou pi kreyatif e inovatè. Se sa ki fè nou se yon Radyo orijinal. Depi dikdantan, se nou ki reprezante pi byen mozayik kiltirèl ak tout kouran lide ak panse ki fasonnen Monreyal.

Nou se Radyo Santrevil. Yon kote ki pèmèt ou dekouvri tout kalite mizik. Yon fòmidab milye kote kreyatè ak kreyatèz kapab anrichi esperyans yo. Radyo Santrevil kolabore avèk plizyè òganis, plizyè festival ak divès lòt aktivite piblik pou fè moun konnen reyalizasyon ak kreyasyon Monreyalè ak Monreyalèz yo.

Nou se Radyo Santrevil. Chak jou, nou bay nouvèl lokal, nouvèl rejyonal ak nouvèl entènasyonal sou tout anje ki preyokipe lemonn jounen jodi a. Bi nou se pèmèt chak moun konprann sa k ap pase pou li kapab patisipe nan rechèch solisyon pou kreye yon monn meyè ak yon kominote vivan.

Nou se 350 benevòl pasyone epi detèmine pou nou vin pi maton chak jou nan sa n ap fè. Nou angaje tèt nou nan monn sa a nou dekri a pou nou transmèt li ansanm avèk ou. Nou fè efò chak jou pou respekte angajman sila a nou pran an pou transmèt bay lemonn lorijinalite ak inivèsalite kominote ki fòme sosyete Monreyal yo.

Nou se Radyo Santrevil, 102, 3 FM nan Monreyal.

Faire un don maintenant par CanadaHelps.org!Faire un don maintenant par CanadaHelps.org!

Publicités


Demande de renouvellement de licence Février | Juillet
© 2010-2011 Radio Centre-Ville CINQFM | 514-495-2597
Tous droits réservés.
Conception Web Delisoft